Règleman moun k ap itilize Entènèt gen pou aksepte
Nan yon ti tan ankò
Règleman sou vi prive
A. Depatman Edikasyon Department of Education (DOE) garanti dwa l genyen pou itilize "cookies" sou sit wèb li a. Cookies reprezante pwogram konpitè ki pèmèt DOE, antwòt, verifye si yon moun gen otorizasyon pou l itilize sistèm DOE a, ak konsève enfòmasyon sou yon moun ki itilize sit wèb la nan memwa hard drive yon konpitè. Men kèk egzanp enfòmasyon yo konsève, men se pa sèlman sa yo, dat ak lè yon moun ale sou sit la ak enfòmasyon sou aktivite moun lan mennen pandan l sou Entènèt. Nou pran tout enfòmasyon yo sèlman pou amelyore sèvis DOE, e pou mete nan sistèm lan enfòmasyon estatistik pou ede amelyore ansèyman pwofesè ak aprantisaj elèv. Eksepte kote yo endike nan Règleman moun k ap itilize Entènèt gen pou aksepte, yon koze diferan, DOE pa p itilize cookies pou kolekte enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye enfòmasyon pèsonèl osijè moun k ap itilize sit wèb li a. Pami enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye itilizatè yo n ap site, men se pa sa sèlman sa a : non, adrès kay, adrès imèl ak nimewo telefòn
B. Dapre egzijans Lwa sou pwoteksyon timoun sou Entènèt Children's Internet Protection Act ("CIPA"), DOE ap kontwole aktivite elèv sou Entènèt. Kontwòl sa a ka pèmèt yo dekouvri si itilizatè a vyole oswa ka vyole Règleman pou moun k ap itilize Entènèt gen pou aksepte, Kòd disiplin elèv oswa lalwa. DOE pran dwa li genyen tou pou kontwole aktivite sou Entènèt lòt itilizatè (paegzanp, moun ki pa elèv)
C. DOE mentni dwa l genyen pou sèvi ak kontwole rezilta software k ap envestige, kontwole ak/oswa idantifye moun ki ta ka vyole Règleman moun k ap itilize Entènèt gen pou aksepte.
D. Itilizatè yo ta dwe konnen ke yo ka prezante dosye files pèsonèl yo nan tribinal ak nan fòmalite administratif e pou aplike Lwa sou dosye piblik.
E. Itilizatè sistèm lan pa dwe atann yo pou moun respekte vi prive yo lè pou kontwole sa ki genyen nan dosye pèsonèl yo ak nan dosye aktivite yo sou Entènèt pandan yo nan sistèm DOE a.
Mizangad : Limit nan responsablite
1) DOE pa bay kèlkeswa garanti, kit fòmèl kit souzantandi, ke wòl oswa sèvis sistèm DOE ofri a oswa ke yo bay atravè sistèm DOE a pa p gen erè, oswa pa p gen kèk ti pwoblèm. DOE pa p responsab okenn domaj itilizatè yo ta ka sibi, tankou bagay sa yo men se pa sèlman sa : enfòmasyon yo te rasanble ki pèdi oswa lè sèvis la entèwonp. DOE pa resposab presizyon oswa kalite enfòmasyon moun jwenn nan sistèm lan, oswa ke moun konsève nan sistèm lan. DOE pa responsab obligasyon finansye moun vin genyen poutèt yo itilize sistèm lan san yo pa otorize.
2) Itilizatè yo ap dedomaje, epi pa p bay DOE ak tout distri l yo okenn responsablite poutèt tout pèt DOE fè poutèt itilizatè a fè eksprè pou l itilize sistèm lan pou move kòz.
Tanpri konnen byen ke enfòmasyon ki nan dokiman sa a se enfòmasyon presi ki valab apati mwa Avril 2001. Piske lwa ak règleman DOE chanje detanzantan, n ap sigjere pou w verifye presizyon enfòmasyon ki nan dokiman sa a.
Tanpri kontakte Règleman pou moun k ap itilize Entènèt gen pou aksepte pou w jwenn plis enfòmasyon.
DOE garanti dwa pou l chanje règleman sa a san avètisman.
Règleman sou opòtinite egalego
YON KONPAYI K AP ANPLWAYE MOUN KI PRAN MEZI POZITIF POU OPÒTINITE EGALEGO
Se règleman DOE pou l ofri opòtinite nan domèn edikasyon ak anplwa san konsidere RAS, KOULÈ PO, RELIJYON, KWAYANS, ETNISITE, PEYI MOUN SOTI, KONDISYON IMIGRASYON, KONDISYON SITWAYÈNTE, LAJ, KONDISYON ALYANS DE MOUN K AP VIV KÒM YON KOUP, KONDISYON MOUN ANTANK PATNÈ, ANDIKAP, ORYANTASYON SEKSYÈL, SÈKS (gason/fi), KONDISYON MILITÈ, ANSYEN DOSYE ARESTASYON OSWA KONDANASYON, EKSEPTE LÈ LALWA PÈMÈT SA, PÈSONALITE MOUN ERITYE NAN FANMI, OSWA KONDISYON ANTAN VIKTIM VYOLANS NAN KAY, AGRESYON SEKSYÈL OSWA LACHAS KONTINYÈL YON MOUN, EPI POU L MENTNI YON ANVIWÒNMAN KOTE PA GEN ARASMAN POU TOUT SITIYASYON NOU SITE PI WO A, ANTWÒT ARASMAN SEKSYÈL OSWA VANJANS.
Règleman sa a respekte Tit VI ak Tit VII Lwa 1964 sou Dwa sivil Civil Rights Act of 1964, Tit IX amandman 1972 Lwa sou edikasyon, Lwa 1967 sou diskriminasyon akòz laj Age Discrimination in Employment Act of 1967, Seksyon 503 ak 504 Lwa 1973 sou reyabilitasyon Section 503 and Section 504 of the Rehabilitation Act of 1973, amandman 1974 Nòm ofisyèl pou travay san patipri Fair Labor Standards Amendments of 1974, Lwa 1986 sou refòm ak kontwòl imigrasyon Immigration Reform and Control Act of 1986, Lwa 1990 pou Ameriken ki gen andikap The Americans with Disabilities Act of 1990, Lwa 1991 sou Dwa sivil Civil Rights Act of 1991, Lwa Leta Nouyòk/Dwa moun ki nan vil la ak garanti pou pa gen diskriminasyon nan akò global Distri lekòl vil Nouyòk DOE fè ak Sendika anplwaye yo.
Ou ka telefone oswa ekri pou poze kesyon konsènan respè lwa apwopriye nan adrès :
Office of Equal Opportunity
65 Court Street, Brooklyn, New York 11201
(718) 935-3320